ADRÈS A LA NASYON
Ayisyèn, Ayisyen,
Kompatryot mwen yo kap tandem pa bò isit, tankou lòt bò dlo,
Sa fè anviwon twa mwa depi mwen monte kòm Premye minis nan de kondisyon difisil nou tout konnen yo. Mwen vi-n jwenn yon peyi dechire, divize, yon Leta ki kraze ak tout enstitisyon demokratik nou yo ki pap mache. Sitiyasyon ekonomik peyi a tonbe nan yon nivo ensipòtab, lajan monte bwa, lavi chè ap toupizi tout sèktè nan soyete a, defisi bidjetè rive nan yon nivo nou pa janm wè, goud la ap kontinye pran kalòt parapò ak dola meriken an, e ou pa menm ka jwenn li lè ou bezwen l, chomaj, lamizè ak grangou ap fini ak tout espwa jenès nou an patikilye ki blije al pran imilyasyon nan tout peyi ki nan rejyon an. Mwen kanpe la nan lis pwoblèm nou tout ap konfwonte.
Lèm gade sa mwen te di tèt mwen, pa gen lòt bagay poum fè : se travay ak tout ayisyèn, ak tout ayisyen pou nou remete peyi a ak tout enstitisyon nou yo sou rail. Daprè mwen, gen yon sèl fason nou ka fè fas ak tout defi ki devan nou yo, se rasanble tout moun anndan yon pwojè nasyonal, se rekonsilye nasyon an, se kwape divizyon ak chire pit nan mitan nou, se remete deviz peyi a, Linyon fè lafòs la an aplikasyon nan tout sa nap fè. Se pou sa depi m pran tèt gouvènman peyi a, mwen pase anpil tan ap rankontre tout kategori moun ak òganizasyon politik sosyal ak ekonomik.
Li te endispansab pou lènmi yè yo te aksèpte chita ansanm e mete tout moun dakò sou direksyon nou vle bay peyi a. Nou resi jwenn yon Akò nan mitan sèktè ki te konn batay youn ak lòt, e jis jodi a, malgre tout pwoblèm nap travèse yo, mwen kontinye ap pale ak lòt konpatriyòt ki wè bagay yo yon lòt jan. Tandis ke lè nou gade byen, yo pa si diferan nan objèktif yo. Se mwayen ak delè pou nou rive atenn objèkti yo ki gen ti diferans, nou ka efase san problem.
Gen anpil moun ki pa konprann volonte mwen genyen pou rasanble yon maksimòm konpatriyòt nan tout kan. Map di tout moun, yo twompe yo anpil si yo pran volonte sa pou feblès ou pou mank lidership.
Mwen kontinye kwè pi bon fason pou nou rezoud pwoblèm nou yo, se evite tout iritan, se vini ak solisyon, se pa kreye nouvo pwoblèm. Nou pa ka rive nan chanjman tout moun swete a nan hing hang tou tan. Mwen kwè li posib pou nou dirije peyi a yon lòt jan. Map ankouraje tout aktè politik, ekonomik ak nan sosyete sivil la, pou nou bay dyalòg yon chans, pou nou bay rekonsilyason yon chans, pou nou bay tet ansanm yon chans.
Depi kèk tan, peyi a ap fè fas a yon pwblèm ensekirite kap vale tèren chak jou pi plis. Gen anpil bagay ki di sou sitirans bandi te konn jwenn bò kote moun nan pouvwa, moun nan sèktè prive ak moun nan kek òganizasyon politik. Yo ba yo lajan, gwo lajan, ba yo zam, gwo zam, pi gwo zam pase lapolis, e yo garanti yo yon enpinite total. Malerèzman, nou konstate, gen menm polisye ki nan konfyolo ak gang. Pandan lontan, yo kite bandi kidnape moun, asasinen moun, vòlè kamyon machandiz, piye biznis moun, san anyen pa rive yo. Leta pèdi tout otoritel, ke nenpòt bandi konprann yo ka pase men nan figi leta lè yo pito.
Map di sa klè pou tout moun, nan prive tankou nan leta. Tout moun kap pran pèp ayisyen an otaj, terorize popilasyon an, se lènmi pèp la yo ye. Tout moun kap sipòte bandi, ede yo jwenn zam ak minisyon, tout moun kap ba yo kòb anba chal, tout moun kap sèvi avè yo pou bloke tout aktivite nan peyi a, tout moun kap fè dil ak yo pou yo ka pran pouvwa, Yo tout se lènmi pèp ayisyen, e se kòm lènmi nap trete yo.
Gouvènman map dirije a pa nan konfyolo ak gang, nou pa nan negosye ak gang, nou pa nan biznis bay gang lajan. Vòlè se an vòlè ou trete sa. Asasen se an asasen ou trete sa. Si yo pa sispann move zak yo, se la lwa ki pou aplike kont yo. Sèl opsyon ki gen pou bandi ak tout kòmanditè yo, se prizon ou lanmò, si yo pa vle chanje metye.
Map di tout moun ki gen revandikasyon lejitim, tout moun kap rele anmwe kont ensekirite, kont gaz yo pa ka jwenn, gouvènman an tande rèl yo. Map di yo evite tout meli melo ak tout tantasyon sèvi ak gang pou fè alyans ak yo pou fè revandikasyon yo pase. Gang yo se lènmi nou, e okenn solisyon dirab pou pwoblèm peyi a, pap ka jwenn si nou kite gang ap fè la lwa e sèvi ak revandikasyon lejitim pèp ayisyen pou yo kouvri krim yo.
Depi pwoblèm gaz la kòmanse, mwen konstitiye yon selil de kriz ki reyini responsab finans, defans, jistis, lapolis, enteryè, travo piblik ak komès. Selil sa ap travay lannwit kou lajounen pou fè tout sa ki posib pou jwenn solisyon rapid nan zafè distribisyon gaz la. Nou pa ka kite tout aktivite peyi a bloke. Lopital nan kapital la tankou nan pwovens chaje ak pwoblèm si yo pa jwenn rapidman gaz pou pwodui elèktrisite pou pran swen malad yo. Gen anpil malad Kovid nan divès lopital kap siviv ak respiratè. Yo tout ap mouri si nou pa pote gaz ba yo prese prese. E se nan sans sa, nap profite remèsye Jean Jose Trezil ki se yon chofè kamion gaz ki te pran risk pou l pote gaz nan lopital Mirebalais.
Ti bebe ki nan enkibatè, moun ki bezwen opere an ijans, fanm ansent ki pa ka akouche, vaksen ak medikaman ki bezwen rete nan frijidè. Fòk bank yo kontinye fonksyone, Fòk konpayi telefòn yo jwenn gaz pou yo kontinye bay sèvis. Nou pa ka kite tout telefòn bèbè. Fòk Dinepa jwenn gaz pou fè pomp li yo mache pou bay popilasyon an dlo. Fók bis, tap-tap, machin piblik, tankou machin prive, anbilans, lapolis ak lame jwenn gaz pou yo fonksyone. Fòk madan sara ka jwenn mwayen transpò pou yo demele yo.
Mwen vle tout moun konnen peyi a pa manke gaz. Gouvènman an fè anpil efò pou tout rezèvwa yo gen ase gaz e kòm nou konnen demand lan pral ogmante, lè livrezon yo rekòmanse, plizyè lòt kòmand gentan pase e gen bato ki deja la kap tann pou dechaje.
Selil kriz la ap travay san pran souf pou jwenn solisyon. La polis kreye koulwa sekirite pou kamyon gaz rantre e sòti an sekirite nan tèminal yo pou al pran gaz. Gen pwoprietè ki pè pou gang pa kidnape yo, vòlè kamyon yo, nou mete a dispozisyon yo yon bakòp polis pou akonpaye konvwa yo. Sa kòmanse bay rezilta.
Kèk lopital kòmanse jwenn gaz, konpayi telefòn yo pa kanpe e yap kontinye bay sèvis kominikasyon, ayewopò jwenn gaz pou avyon yo, gadkòt ap fè patwouy sou lanmè pou sekirize bato kap vi-n livre gaz yo.
Gen anpil lòt dispozisyon kap pran pou rezoud definitivman pwoblèm distribisyon gaz la nan tout pomp. Pèmèt mwenn pa bay twòp detay jodi a, men nou ta sipoze wè rezilta yo trè byento, nan jou kap vini yo. Lè gaz la kòmanse rive nan pomp yo, nou mande tout moun pafè dezòd, gade kalm nou. Nou tout nan nesesite pou nou achete gaz, men si nap fè dezòd, pomp yo pap ka vann. Nou deja pase enstriksyon pou ke la polis prezan nan pomp ki gen eskonbrit yo.
Nou remesye pep ayisien an pou bon konprann li, paskel pa tombe nan provokasyon bandi tout plim tout plimay ki te kwe ke ak zak malonet sa, pep la te ka pran la ri.Nap remesye tout lide politik, relijie, sekte prive, sosyete sivil ki ede nou kolte ak kriz la.
Leu nou fi-n pase kap difisil sa, e rezoud pwoblèm atifisyèl rate gaz aksyon gang yo kreye a, mwen espere tout ayisyen de bòn volonte ap kontinye chita ansanm pou nou atake vrè pwoblèm peyi a. Ma p di yon gwo mèsi a tout pati politik ak pil ak pakèt òganizasyon sosyete sivil la ki siyen àkò 11 septanb lan pou pasyans yo ak konpreansyon yo. Nou te dwe pi lwen nan aplikasyon akò a. Mwen swete rejwenn lòt konpartiyòt ki nan lòt inisyativ yo, pou nou gade sa nou ka fè ansanm nan enterè peyi nou an.
Pandan kriz gaz sa a, mwen kontinye diskite ak yo. Map redi l ankò, lè nou gade byen, depi espri rekonsilyasyon an la, depi nou mete batay pou pouvwa de kote, nou ka wè pa gen divèjans vre sou objetif yo ki se konbat ensekirite e kreye kondisyon pou nou ka pase men nan konstitisyon an ak òganize bonjan elèksyon pou nou ka remèt dirèksyon peyi a bay moun pèp la chwazi an tout libète, san magouy, san kout lajan ak enfliyans.
Nou fè 1804, pa gen anyen la a nou pa ka fè.
Nap pwofite denonse atak ki fèt kont Biwo Jij Garry Orélien ki gen rèsponsabilite ankete sou asasina Prezidan an.
Apre mannèv sou mannèv pou fè diversion, kreye konfizyon ak amalgame, sa pa mache. Kouneya yo deside atake biwo jij la.
Seri mannèv sa yo pap mache: Jistis ap rann kanmenm a Prezidan an. Mwen vle bay Garanti sa!
Nan sans sa a mwen deja pase enstriksyon a Minis Jistis la pou Pakè Pòtoprens mennen prese prese yon ankèt pou idantifye endividi malonèt sa yo epi tradwi yo devan Lajistis.
Ayisyèn, Ayisyen
Nan yon ti tan tou kout, akò gouvènans apeze a ap aplike pou vin rezoud pwoblèm ensekirite a, epi tanmen pwosesis òganizasyon eleksyon an ki pral pèmèt popilasyon chwazi dirijan li.
Mwen Konnen gen malveyan, move zafè kap fè konbinezon, traktasyon tout kalte pou destabilize gouvènman, epi simen latwoublay pou anpeche timoun ale lekòl , pou kreye plis mizè, plis grangou, pou plonje peyi a nan plis ensekirite.
Nap bay garanti, toutotan nap rete ouvè pou dyaloge ak aktè ki sensè yo, nou pap mize nan wout , nou pap fè bak, nap aji, nap pran desizyon nan enterè tout popilasyon an, nap proteje e nap sanksyone lè sa nesesè.
Ayiti pa ka peri ! Nou ka chanje sa ! Ansanm ansanm nou pral chanje sa.
Mèsi.
Dr Ariel henry
Premier ministre