Tout moun kap sipòte bandi, ede yo jwenn zam ak minisyon, tout moun k ap ba yo kòb anba chal, tout moun k ap sèvi avè yo pou bloke tout aktivite nan peyi a, tout moun k ap fè dil ak yo pou yo ka pran pouvwa, Yo tout se lènmi pèp ayisyen, e se kòm lènmi nap trete yo.
#Ayiti #Primati
Gouvènman m ap dirije a pa nan konfyolo ak gang, nou pa nan negosye ak gang, nou pa nan biznis bay gang lajan. Vòlè se an vòlè ou treta sa. Asasen se an asasen ou trete sa.
#Ayiti #Primati
Si yo pa sispann move zak yo, se la lwa ki pou aplike kont yo. Sèl opsyon ki gen pou bandi ak tout kòmanditè yo, se prizon ou lanmò, si yo pa vle chanje metye.
#Ayiti #Primati
M ap di sa klè pou tout moun, nan prive tankou nan leta. Tout moun k ap pran pèp ayisyen an otaj, terorize popilasyon an, se lènmi pèp la yo ye.
#Ayiti #Primati