Jodi a nou bezwen prèske 100 goud pou achte yon dola ameriken! Apre dezan manda Prezidan Jovenel Moïse, pouvwa acha pèp ayisyen pèdi mwatye valè li. Peyi nou an ki pi pòv nan emisfè a, li vin de (2) fwa pi pòv apre de (2) ane sa yo, epi li prèske twa fwa pi pòv apre sèt dènye ane yo. Wi, paske nan ane 2011, lè Michel Martelly te prete sèman kòm 47yèm prezidan, lè sa a pou achte yon dola nou te bezwen anviwon 40 goud sèlman.
Anfas briganday tèt mato, ki se kat vizit gouvènman aktyèl la, epi anfas awogans li, mwen bout e map denonse.
Pou kòmanse, m ap denonse Prezidan Repiblik la, mesye Jovenel Moïse, ki nan tèt Leta a te sipoze premye defansè enstitisyon nou yo, m ap denonse li poutèt li bay dizon li pou tout briganday, lese grennen sa yo nan administrasyon piblik la, pou tout move jesyon finans peyi a ki lakòz, jounen jodi a, pi plis defisi ekonomik ak finansyè lakay nou, yon sitiyasyon katastwòfik nètale, yon debandad.
M ap denonse Prezidan Repiblik la ki vin lage enstitisyon piblik yo nan yon katchouboumbe pandan li tou lage peyi a nan yon dibita kriz: kriz sosyal, kriz finansye, kriz moral, kriz sekirite, kriz andedan enstitisyon yo epi, talè konsa, yon kriz elektoral.
M ap denonse premye responsab Leta a pou jan li depatcha wòl prezidan an, pou jan limenm li patisipe nan detounman kòb Petwo Karibe a, selon sa Kou Siperyè Kont ak Kontestasyon Adminisyratif rapòte.
Se konsa yo akize Prezidan Moïse kòm alatèt yon konplo detounman lajan nan avantay antrepriz prive li, yon gagòt kontra paspouki pou reyabilitasyon wout.
Akizasyon sa yo se abse sou klou pou yon Prezidan Repiblik ki te deja pèdi tout konfyans pèp la. Se akizasyon ki fè kriz la depase 17 wotè jounen jodi a.
Mwen denonse Prezidan Repilblik la kòm moun ki pa kapab rasanble fòs viv nasyon arebò yon tab pou yon dyalòg sensè epi san kondisyon alavans. Li pèdi tout pouvwa moral pou li konvoke.
Mwen denonse Egzekitif la paske li rele gang ak zam pou kontwole perimèt kèk katye, yo santi yo konfòtab paske yo mete nan tèt yo ak pratik sa a y ap kapab kenbe pouvwa a. Rezilta: Òganizasyon defans dwa moun yo revele masak nan plizyè katye popilè kote sitwayen yo livre anba moun ki san lwa, ki pa gen okenn pwoblèm pou yo komèt zak vyòl, kidnaping epi ansasinay.
Mwen denonse Prezidan Repiblik la ki itilize majorite palmantè li a (PHTK ak zanmitay li yo) pou fè apiye deriv li yo konsa tonbe dakò ak tout desizyon ki pa gen okenn sans ki mennen nou nan tout kalite kriz n ap viv la a. Mwen pwofite mete Prezidan Chanm Depite a angad kont yon manèv pèvès dènye minit, bridsoukou, majorite prezidansyèl la ki menase pou yo demisyone yon kou. Sa ki kache dèyè manèv sa a se pèmèt Prezidan Jovenel konstate Palman pa egziste konsa l ap kapab gouvène ak dekrè epi evite yo akize l sou sa ki konsène dènye revelasyon CSCCA a.
Mwen denonse Prezidan Repiblik la ki pase Direktè Jeneral ONI an lòd pou siyen yon kontra ki kontrè ak lalwa ak fim Dermalog la pou fabrike lòt kat elektoral, yon kontra ki meprize tout lwa sou pasasyon mache piblik yo. Zak malonnèt sa a ipoteke pou tout tan demokrasi nou an ki deja pa kanpe sou anyen. Zak sa a rann pwosedi anrejistreman elektè yo ilegal epi jete gwo dout sou eleksyon ki ta fèt sou direksyon gouvènman sa a.
M ap denonse Prezidan Repiblik la poutèt li te refize koute divès mizangad li te jwenn, ki te mande l pou li mete Ayiti avan enterè pèsonèl li. Paske li te refize bay demisyon l nan lè li te gen okazyon pou l fè sa, yon fason pou l te fasilite yon sòti kriz repibliken, òdone, pasifik, Jovenel Moise chwazi pou li mennen peyi a nan yon eklatman. Nan move tan peyi a ap viv kounye a la, li fèmen tèt li nan yon silans, tankou l ap meprize popilasyon an, alòske li dwe l esplikasyon.
Kriz la dire twòp. Li lè li tan pou sosyete a reveye, epi pou l jwenn yon solisyon definitif ni Prezidan an, ni kominote entènasyonal la ap oblije asepte. Pou sa fèt, genyen de(2) etap ki dwe franchi san pèdi tan.
Premye a, se pou tout sektè vital nan sosyete sivil la reyini an ijans, sou envitasyon RELIJYON POU LAPÈ, pou yon fowòm patriyotik, kote yo pral diskite, selon yon ajanda ki prepare davans, san okenn entèferans pouvwa ekzekitif la, sou fòma ak dire yon konferans nasyonal.
Dezyèm etap la, se konferans nasyonal la limenm, kote yon akò politik dwe sòti : sou desizyon ki dwe pran ak manda yon prezidan ki pa gen konfyans popilasyon an ditou pyès ankò, sou pwosè PETWOKARIBE a, sou fòmasyon KEP a, sou òganizasyon eleksyon yo, sou revizyon konstitisyon an, epi sou yon pwogram ekonomik an ijans. Yon Premye minis dwe sòti nan konferans sa a sou baz yon antant ; Premye minis sa a dwe genyen ase kapasite, konpetans ak kredibilite pou li vreman enspire konfyans ; se limenm ki pral genyen pou l dirije gouvènman an rive jis nan pwochen eleksyon yo.
M ap fè yon apèl solanèl bay mouvman asosyatif peyi a, pou li ranpli devwa patriyotik li nan moman gwo kriz nasyonal sa a, ki rive nan dènye bout li, kote pa prèske genyen okenn otorite moral ankò. Se fòs alabaz nasyon an ki pou sèvi entèmedyè nan mitan fòs politik yo, pou pwopoze yon solisyon ayisyen tout bon vre, annakò ak volonte popilasyon an.
Ayisyen, fanm kou gason, annou fini avèk vye koze reziyasyon ki fè lòm. Annou leve kanpe, paske lanbi rasanbleman sonnen. Li sonnen pou nou limen epi gaye flanm lespwa a, nan 4 kwen peyi a. Annou fè sa avèk tout renmen nou genyen pou pitit nou yo, yo menm ki se sitwayen pou demen yon nouvo ayiti.
demen yon nouvo Ayiti.Ayisyen, fanm kou gason, nou pa kapab kontinye nan reziyasyon, tankou si se te desten nou sa. Lè a rive pou nou reveye konsyans sitwayen nou. Annou relimen flanbo lespwa a. Nou dwe jenerasyon k ap vini yo sa.
Petyonvil, 2 Jen 2019
Jerry Tardieu, Depite