Ayiti se yon peyi ki chaje prekarite. Kondisyon lavi a difisil ni pou moun ki gen yon degaje ni pou sa ki p ap travay ditou. Anpil fwa, pou yo rive siviv, pran swen tèt yo ak fanmi yo oubyen reyalize yon bagay ki konkrè tankou achte yon tè, yon machin osinon bati yon kay, plizyè moun konn deside fè prè labank oubyen rantre nan sòl. Nan tou de tranzaksyon sa yo, anpil move sipriz konn ap tann yo nan mitan chimen. Pousantaj prè labank la konn souvan wo anpil pou yo epi konn vin gen difikilte pou yo fin peye prè a. Pou sòl la menm, genyen ki konpare l ak yon jwèt aza. Yon jou ka chans ou epi yon lòt jou ou tonbe nan move gwoup la. Ou pa rive sòti ak anyen. Men kisa sòl la ye menm? Eskè leta rekonèt li? Kisa lalwa pa bò isit di sou koze sila?
Kisa sòl la ye?
Sòl la se tankou yon regwoupman. Kijan sa fèt? Plizyè moun antann yo sou yon montan yap bay chak jou, chak 8 jou, pa kenzèn oubyen pa mwa. Kòb sa rete nan men yon sèl moun ki se manman oubyen papa sòl la. Se li menm ki deside nan ki lòd chak moun ap touche. Plas chak moun nan sòl la se sa ki rele men sòl la. Chak men sòl se rezilta tout kòb yo ansanm ki ale jwenn yon moun, younn aprè lòt. Gen sòl se chak semèn yon moun touche, gen lòt se chak mwa.
Kèk avantaj ak enkonvenyan nan zafè sòl
Sòl la ede anpil moun grandi, reyalize yon pakèt bagay nan lavi yo e pèmèt yo fè ekonomi. Se pa moun ki gen travay fiks ak yon rantre estab sèlman ki rantre nan sòl. Se sa ki fè gen sòl tout pri, pou tout bous ak tout kalte moun, selon kapasite ekonomik li. Plizyè moun rive monte yon biznis gras ak sa. Se ka Nadine ki gen 50 lane e ki ap vann pwodwi alimantè an detay. Li pale konsa pou l di :
« Mwen kòmanse antre nan sòl depi byen jèn. Lè sa mwen te andeyò nan peyi m. M se yon moun ki gen chans anpil ak sa; se sòl ki banm komès ak voye pitit mwen lekòl. Dayè, m pa janm renmen pran dènye men pou sizanka rès moun yo pa ta vle fin peye. M souvan pran twazyèm men. Lè sa sòl la frèch, tout moun sou sa. Premye bagay m reyalize ak yon kòb sòl se yon komès boyo m te vini genyen nan lane 98. M te konn antre pòtoprens vin achte chak 15 jou. Sa te byen mache epi ane ale, m vin ap fè lòt bagay ».
Nan eksperyans Nadine fè ak sòl, sa byen pase pou li. Men nan sa li rakonte nou an, li soulve yon pwoblèm li pa rankontre men plizyè lòt moun malerezman rankontre. Yon sòl ka byen kòmanse epi tou li mal fini. Se sak fè mèt sòl la, manman sòl la oubyen papa sòl la, konn selektif nan chwa moun k ap antre nan sòl la. Gen moun lè yo pran men devan, yo konn fin touche epi refize peye rès sòl la. Yon sitiyasyon nou jwenn souvan e ki konn mete ni mèt sòl la ni rès moun yo nan kouri. Man Jak ki te konn fè sòl lontan, sèmante pou li pa janm fè bagay sa ankò. Nan lane 2016, de sè te arive kraze yon sòl nan men l e se labank li te al fè prè pou fin peye rès moun yo. Men sa l di nou: « Sòl la se te chak 15 jou yon moun leve yon men. 2 limenna yo te pran yo chak 2 men poukont yo. Chak 15 jou, yo tap bay 2500 goud. Mwen ki te fè yo konfyans pou zanmitay m te gen ak yon matant yo, m te ba yo men devan. Kou yo te fin touche, m pat janm wè yo ankò. Yo lage pye yo. Te gen 6 moun ki potko touche. Se mwen ki oblije al prete kòb pou moun yo ka touche. M fini ak fè sòl. Fini fini. »
Gen yon lòt fenomèn ankò nan koze sòl la. Lajan an konn fè fon nan men mèt sòl la. Swa l prete ladan l, li poko ka ranplase, swa li pèdi oubyen yon enprevi rive. Lè konsa, sa vin gen enpak sou fason moun yo ap touche. Kòb la konn paka vini an plen nan men moun yo. Se an chikèt yo konn ap touche. Sa souvan lakòz moun nan pa rive atenn objektif li te fikse lè li t ap rantre nan sòl la. Lè l pran kòb la tikal pa tikal la, li pa wè sa li reyalize ak li vre. Manno ap eksplike : « Mwen te antre nan yon sòl pou mwen te ka achte yon moto. Jamè pito m te manje kòb sa oubyen te mete l sou kanè m ; piti piti li ta donnen. Sòl la te 5 mil goud pa mwa. M pa janm rive touche kòb pou m te touche a vre menm pou m ta achte yon bekàn. Se moso pa moso mèt sòl la ban mwen l. Jiskounya, m rete kòb nan men l ».Tankou mesye Manno, anpil moun pèdi kòb nan zafè sòl.
Kisa lalwa di sou koze sòl nan peyi Dayiti?
Nan bat bouch ak plizyè pwofesyonèl nan syans jiridik, nou rive jwenn kèk eleman ki ka ride nou konprann kijan pou nou ka reyaji jiridikman nan dosye ki gen pou wè ak sòl. Mèt Nathan Laguerre pale konsa pou l di : « pa genyen tèks lwa ki gen rapò dirèk ak koze sòl ann Ayiti, pa gen okenn lwa sou sa, men se yon estrikti leta rekonèt ». Li site atik 925 nan kòd sivil la pou l eksplike nou pi byen : « les conventions légalement formées entre les parties tiennent lieu de loi entre ceux qui les ont faites ». Yon atik ki ta vle di, depi plizyè moun pran angajman antre yo, sou baz yon kontra yo siyen, lalwa ka entèvni nòmalman nan dosye sòl la. Tout moun ki nan sòl yo, ki siyen, ki dakò angaje yo sou yon baz kèlkonk, yo gen obligasyon legal pou respekte sa yo te antann yo sou li a Dayè, « Le contrat c’est la loi des parties ».
Yon lòt bò, yo lòt pwofesyonèl nan zafè jiridik fè konnen,menm si sòl la pa gen yon estati jiridik patikilye, gen asosyasyon leta rekonèt, ki anrejistre nan zafè sosyal, ki fè sòl nan mitan yo. Nan chapit 2 paragraf 5 nimewo 31 konstitisyon an sou kesyon libète, men sa ki mansyone: « Moun gen dwa reyini lib depi zam pa ladan. Moun lib fè asosyasyon yo, pou tout kòz. Ni pou politik. Ni pou koze lajan. Ni sou lavi peyi a. Ni sou richès ki nan sèvo ak lide pèp la. Ni pou tout lòt mouvman ki dèyè lapè. »
Youn nan enpridans moun k ap antre nan sòl yo souvan fè, se antre nan sòl la san yo pa siyen okenn papy eki ta ka la kòm prèv, sizoka ta gen latwoublay nan sòl la. Atik 1126 kòd sivl ayisyen an di konsa « Il doit être passé acte devant notaire ou sous signature privée, de toutes choses excédant la somme ou valeur de 16 gourdes ». Sa ki vle di, nenpòt tranzaksyon lajan k ap fèt, depi l depase 16 goud, moun k ap fè tranzaksyon yo gen yon paye siyen ki pwouve yo fè tranzaksyon an.
An gwo, sòl se yon pratik pou sere lajan, pou fè ekonomi, pou reyalize bagay ki konkrè ki tabli nan sosyete nou an depi lontan. Li pa oblije al bout devan lajistis, men si sa ta dwe fèt, li dwe klè nan tèt moun k ap fè sòl yo : « lalwa ka ba yo kout men nan dosye a ».
Jessie Tataille