Yo di peyi pa gen zanmi men enterè. Poutan anpil lòt nasyon sòti pou fè nou imajine yo se zanmi Ayiti poutan se enterè pa yo yo ap defann. Kifè li lè pou peyi d Ayiti , atravè diplomat li yo , kòmanse defann enterè pa l nan mache entènasyonal la. Nan lojik sa kòkòday istorik ak vwazinay jeyografik pa dwe sèl ranje wòch nan fondasyon diplomatik peyi d Ayiti. Li lè pou nou ouvè zèl nou pou nou oze vole al fè nich nou lòt kote tou paske mete ze nou nan yon sèl panye se yon estrateji ki defye bonsans kou lentèlijans. Parye sou plizyè men se yon pozisyon ki baze sou sajès ak pridans sitou lè nou mize sou men pa nou nan jwèt la.
Se pou rezon kòdyòm sa yo menm nou dwe kòmanse plase pyon pou nou mennen yon politik zafè etranjè ki konsantre sou difizyon kiltirèl , akizisyon teknolojik , pwodiksyon entèlektyèl ak echanj komèsyal. Kidonk an nou chwazi yon politik ekstèn ki baze sou yon dinite ki ankre nan mounite nou tout ansanm paske zansèt nou yo pa te fè dizuisankat pou nou te vin restavèk pèsòn—ni lakay ni deyò.
Si nou pa te vin endepedan pou nou te rete esklav atò relasyon nou yo dwe miwate endepandans nou. Se pou rezon sa nou dwe rekonèt relasyon ant moun oswa pèp ki endepedan ta dwe baze sou respè mityèl paske se mityalite a ki ekilibre relasyon an. Men yon deklarasyon konsa pa ta dwe yon deklarasyon ki ta vrèman bezwen yon jistifikasyon andeyò li menm paske li ta sanble nan yon sans jistifye pwòp tèt li atravè relasyon endepandans lan. Poutan nou chwazi jistifye li pou ilistre enpòtans total kapital li genyen nan tèz sa nou ap pwopoze la pou yon lòt kalte diplomasi ayisyèn.
Ki kondisyon ki ta dwe reyini pou yon relasyon ki swadizan baze sou respè ta vin yon relasyon ki VRÈMAN baze sou respè mityèl ?
Klèman , yon respè pa ka mityèl sètadi li pa ka yon respè ki ale nan toude direksyon yo nan yon relasyon si youn nan eleman nan relasyon an depann eksèsivman sou lòt eleman nan relasyon an. Kidonk kelkeswa peyi ki swadizan zanmi peyi d Ayiti a , li pa ka yon peyi ki respekte peyi d Ayiti si peyi d Ayiti depann sou li eksèsivman. Dayè pa gen okenn dout sou reyalite sa a : Ayiti deja depann sou plizyè lòt peyi pou rezoud pou li pwoblèm ki ta sanble pami pwoblèm ki pi preliminè yo sòti nan fon pou òganize eleksyon rive sou don sinistre pou bay timoun manje. Nan yon kondisyon ekzistansyèl konsa , pa gen yon swadizan zanmi peyi d Ayiti ki respekte peyi d Ayiti ni ki pral respekte peyi d Ayiti toutotan peyi d Ayiti depann sou yo pou rezoud pou li pwoblèm li ta dwe ka rezoud pou kò li san difikilte.
Men kòm yon pwovèb lakay konn di << depi ou toujou gen tèt ou ka toujou yon jou rive met chapo menm si se twokèt sèlman ou te konn mete sou tèt >> paske ni pase ni prezan youn pa desten. Kidonk nou ka poze tèt nou kesyon sa a ki san dout gen repons li : èske peyi d Ayiti pa ka vin gen respè pou tèt li kote an menm tan li vin merite respè swadizan zanmi l yo ? Repons lan afimatif paske gen peyi ki te nan menm sitiyasyon sa yo ki jounen jodi a twouve yo nan yon diferan kad kote pa sèlman lòt nasyon aprann respekte yo men tou avantou yo te aprann respekte tèt yo byenavan lòt moun te vin aprann respekte yo. Nou ka pran ekzanp peyi tankou Kore Disid oswa Repiblik Ilann peyi ki nan yon tan pa twò lontan pa te gen gran respè ni gwo prestij nan echèl entènasyonal la. Poutan jodi a toude peyi sa yo se peyi ki pa sèlman devlope nan tout sans men ki granmoun tèt yo paske yo depann sou pwòp tèt yo pou rezoud pwoblèm yo. Sa vle di ka peyi lakay pa yon ka pèdi kwake anpil moun anndan kou deyò deja entènalize yon pozisyon sinik kou pesinis vizavi peyi d Ayiti pou rezon ki souvan gen sous yo nan ideyoloji rasis.
Pou peyi d Ayiti ta rive kapab mande oswa merite respè nan vrè sans mo respè a , ki kalte politik ekstèn li ta dwe suiv ? Nan yon lòt sans , nou ka mande ki kalte politik zafè etranje li ta dwe mennen pou garanti li rive jwenn respè ki baze sou mityalite a ?
Listwa afime sa ka fèt paske li fèt deja nan ka de peyi nou te site piwo yo. Men sa pa ka fèt san yon changman paradigmatik kote nou chwazi dezasosye nou ak pratik tradisyonèl nou abitye enplwaye nan politik zafè etranje nou yo—-yon pratik negasyon nan tout sans sitou nan yon sans etik. Yon pratik dezimanizasyon kote plizyè sektè domestik kou etranje kole tèt yo ansanm pou transfòme malsite lakay an yon ekonomi ki baze sou charite ak mandyansite.
Si nou pa kwape pratik sa , pa sèlman nou p ap jwenn respè nou te ka merite a men nou p ap rive vanse nonplis paske pa gen pwogrè ki ka fèt nan yon peyi kote se reyaksyon ki ranplase aksyon , kote se charite ki ranplase devouman , kote se konplèks depandans lan ki ranplase refleks lespri endepandan an. Se pou rezon sa yo menm dinite nou mande nou pou nou fè chwa mache sou yon lòt vwa— yon lòt vwa ki dwe mennen dwat dirèk nan estasyon nou rele OTODETÈMINASYON an kote nou solisyone pwòp pwoblèm nou.
Nan nouvèl wout sa n ap bezwen yon politik zafè etranjè ki baze omwen sou kat preyokipasyon sa yo : difizyon kiltirèl , akizasyon teknolojik , pwodiksyon entèlektyèl ak echanj komèsyal.
DIFIZYON KILTIRÈL :
Yon peyi , tankou yon moun , bezwen pou li aprann paske ni moun ni peyi youn pa te fèt ni fonde tou konnen. Tankou yon moun , yon peyi bezwen pou l aprann sitou metòd ki pwodui bon jan rezilta lòt kote. Se pou rezon sa nou dwe devlope yon politik ekstèn ki fasilite difizyon kiltirèl kote nou ka enpòte , adopte , modifye oswa sentetize sa ki travay lòt kote. Kidonk aprann nan men moun pa sèlman pa pral desann eskanp figi nou paske tout pèp aprann nan men lòt pèp men tou aprann sa deja pwouve valè fonksyonèl e pwodiktif yo lòt kote pral evite nou pèdi tan ak resous nan reyenvante wou an.
Anplis se nan pwosesis difizyon kiltirèl la tou nou pral dekouvri tout bon vre kilès ki vrèman zanmi nou. Poukisa ? Se paske yon bon jan zanmi pa ba w yon lo piskèt chak lè li sot alapèch. Yon bon zanmi aprann ou peche pwason pou ka pa toujou depann sou li pou nouri fanmi w paske li konnen byen pa gen dinite nan men lonje k ap resevwa. Dayè daprè yon pwovèb ginen << men k ap desevwa a pratikman toujou anba >>. Kidonk se aprann pou fè pou kò nou an ki gen pi gwo chans–si se pa sèl chans–retire nou kote nou twouve nou anba a. Kòm tout pèp pa gen menm eksperyans , yon pèp ki prè pou aprann ap toujou rive pi byen konprann. E depi yon moun oswa yon pèp aprann kote li vin pi byen konprann , li ka toujou aplike konesans nan konpreyansyon sa pou amelyore kondisyon ekzistansyèl li yo.
AKIZISYON TEKNOLOJIK :
Difizyon kiltirèl lan tèlman enpòtan li parèt sou plizyè fòm. An fèt listwa montre nou kisa ki te rive Lachin lè anperè a te deside bay lemonn do nan yon oto-izolasyon ki an retou vin elimine tout benefis ki t ap sòti nan pwosesis difizyon kiltirèl lan. Kidonk pwogrè mache pi lan lè li ap fèt nan izolasyon.
Sa vin pi enpòtan sèjousi paske nou ap viv nan yon monn globalize kote entèkoneksyon nou pwodui yon simetri yo rele entèdepadans. Pa sèlman sa , nou ap viv tou nan yon moun ki plizanpli ap baze sou teknoloji. Kidonk konesans teknik ak ekipman teknik jwe yon kokenn chenn wòl nan fonksyonnman sosyete yo sèjousi. Sa sa vle di ? Sa vle di nan yon sans si yon peyi pral mande , pito l ta lonje men l pou l resevwa yon òdinatè oswa yon jeneratè olye pou la ta lonje men l pou l resevwa yon sak avwàn oswa yon bwat lèt sinistre. Dayè odinatè a oswa jeneratè ka rive menm ogmante kapasite ak pwodiktivite lakay pandan sak avwàn lan oswa bwat lèt sinistre a yo menm pral dekouraje pwodiksyon agrikòl lokal an lon-tèm pandan li ka sèlman soulaje grangou lakay a kou-tèm.
Akizasyon teknolojik lan pa sèlman gen pou wè ak enpòtasyon zouti teknolojik men li konsène jefò nou ap fè pou nou pa sèlman pran konesans teknik yo nan men lòt men pou nou devlope konnesans teknik yo tou nou menm. Kidonk nou pral pran pa pou nou toujou pran men pou nou devlope ak envante tou paske nou gen sèvèl—e se nan sèvèl tout envasyon sòti.
PWODIKSYON ENTÈLEKTYÈL :
Se pa tout akvitivite entèlektyèl ki gen pou wè ak yon praktikalite imedya. Anplis eksèsis mantal yo pa ta dwe kondisyone esklivman sou kritè pratikabilite a paske moun pa panse ni nou pa ekksprime ide nou yo sèlman pou rezoud pwoblèm pratik. Se pou rezon sa li plis pase enpòtan pou nou ta ankouraje pwodiksyon entèlektyèl lan paske se pa akizisyon teknolojik lan ki konpoze difizyon kiltirèl lan.
Ki kalte pwodiksyon entèlektyèl ? Li pa ka yon pwodiksyon entèlektyèl ki baze sèlman sou kontrent ki te tabli depi sou tan lesklavaj yo. Pwodiksyon entèlektyèl la ta dwe vin fèt konye la nan tout konpleksite mantal nou kòm moun tankou tout moun sòti nan kont krik krak rive sou zèv sou lojik senbolik e latriye. Kidonk nan pwodiksyon nouvèl tou nèf sa , nou pral entegre aspè ak eleman ki pa nesèman rantre nan tradiksyon entèlektyèl lakay nou. Paregzanp , ministè zafè etranjè an konsè ak ministè edikasyon ak ministè kilti gen dwa fè demach pou òganize yon konvansyon entènasyonal sou SYANS FIKSYON. Kwake nou pa genyen kategori literè sa nan tradisyonèl entèlektyèl lakay nou men li reye yon kategori li enpòtan anpil anpil paske li se yon jannay literè ki marye kreyativite ak praktikite menm si praktikalite a se youn ki souvan pwojekte nan lavni an. Anfèt , plizyè envansyon teknolojik nou ap jui jodi a gen orijin yo nan woman syans fiksyon sòti nan kominikasyon telefònik san fil rive sou pwodiksyon olografik.
ECHANJ KOMÈSYAL :
Tout sa nou sot wè deja yo pa ka fèt san resous sitou san resous ekonomik. Pou difizyon kiltirèl lan epapiye , pou akizisyon teknolojik lan pran pye , pou pwodiksyon entèlektyèl lan mache , fòk nou gen resous ekonomik ak envestisman finansye pou sipòte yo.
Men ki jan pou nou fasilite akizisyon resous ekonomik sa yo ?
Ebyen solisyon an pa lòt bagay pase komès paske se sou fondasyon komès menm yon moun oswa yon peyi bati richès li. Kidonk depi yon peyi pa nan komès li pa ka yon peyi rich ni devni yon peyi rich paske se nan komès menm AVANTAJ KONPARATIF lan chita. Kidonk nou dwe mennen yon politik zafè etranje ki konsantre sou echanj komèsyal ki pa sèlman satisfè konsomatè nou yo men tou ki ankouraje pwodiktè nou yo pwodui. Kidonk echanj komèsyal lan dwe yon avantaj bidireksyonèl sètadi yon avantaj ki ale nan toude direksyon yo—yon echanj ki benefisye toude pati ki konsène yo.
Klèman echanj komèsyal lan se opoze politik charite an ki li menm baze sou endiyite , pitye ak depandans. Nan yon echanj komèsyal se sa nou anvi , sa nou vle oswa sa nou bezwen yo nou twoke. Echanj kòmèsyal la se yon echanj ki nan fondalnatal li baze sou diyite ak fyète. Poutan politik charite a —ki pètèt yon pratik imanitè san li pa nesesèman yon atitid imanis —se yon politik zafè etranjè ki li menm baze sou yon echanj kote peyi donan an( sa ki bay la ) jwenn prestij epi peyi resipyan ( sa ki resevwa a ) jwenn pitye. Prestij lan sòti nan reklam pèsonèl ki fèt nan ak bay lan menm. Se kòm si peyi k ap bay lan deklare devan lemonn li tèlman genyen li ka bay menm moun ki pa lakay li. Kidonk anndan ak jenewozite a gen yon mesaj enplisit ( anba anba ) ki ap siyale << ...mwen siperyè ! mwen siperyè ! mwen siperyè ! ...>> pandan nan reyaksyon moun ki resevwa gen yon mesaj simetri k ap siyale li menm << ...mwen enferyè ! mwen enferyè ! ... mwen enferyè ! ...>>
Tout aspè sa yo devwale reyalite sa a : politik lonje bòl ble a se yon politik ki pa sèlman degradan men li se yon politik antipatriyotik tou paske li pa sèlman redui imaj peyi a men li trayi sakrifis zansèt yo tou—yon sakrifis kote yo te jire pou nou pa te restavèk pèsòn , ni anndan ni deyò. Li se yon politik anpwogresis tou paske li kreye yon konplèks depandans ki anretou pral anpeche nou fè jefò pou chache rezoud pwoblèm nou yo nou menm kote se pwòp men nou ak pwòp sevèl nou ki pwodui solisyon yo.
Reyoryantasyon sa ki baze sou difizyon kiltirèl , akizisyon teknolojik , pwodiksyon entèlektyèl ak echanj komèsyal la pa sèlman aplikab nan kad politik ekstèn lan men li aplikab nan kad politikentèn lan tou sòti nan desantralizasyon entèn pou rive nan kowòperasyon entèn kote nou pèmèt lidè ak sitwayen nan diferan rejyon yo konsantre sou pwoblèm lokal ki gen karaktè lokal yo an menm tan tou len aprann nan men lòt sitou nan domèn kote lidè ak sitwayen yo gen pwen an komen.
Anfen , an nou pran responsabilite nan tout sans jodi a. Konsa pita desandan nou va pran fyète nan nou paske nou kite pou yo yon Ayiti miyò , yon Ayiti ki granmoun tèt li. Kidonk yon Ayiti ki pa sèlman endepandan sou papye sèlman men ki enpedandan an reyalite.
@Marc-kensen Curvinglines